Konsènan nou

Nou vle demontre yon konpasyon ak yon swen sensè pou moun ki fè reklamasyon pou azil epi ki rive nan kominote nou an avèk gwo bezwen, bezwen ki ka fasil pou satisfè lè yon moun chwazi pou l vin bon Samariten yo (Lik 10:25-35).  

Nou opere sant inik kote moun ki fè reklamasyon refijye yo jwenn loje epi sipò pou yo reyisi antanke nouvo imigran. 

Vizyon

Samaritan House Ottawa se yon refij akeyan kote moun k ap fè reklamasyon refijye yo kòmanse vwayaj yo pou yo reyisi nan Kanada.

Misyon

Samaritan House Ottawa se yon òganizasyon san bi likratif ki baze sou lafwa ki kontribye nan soulajman povrete lè li bay moun k ap fè reklamasyon pou azil mwayen pou yo reyisi kòm nouvo imigran. Nou fè sa lè nou opere yon sant sèvis inik kote yo ka jwenn yon kabann, manje, ak sipò pou etablisman nan yon atmosfè familyal ki an sekirite.

VALÈ FONDASYONÈL YO

Baze sou lafwa : Nou vle vin bon Samariten an epi montre yon konpasyon reyèl ak pratik pou moun n ap sèvi yo (Lik 10:33)

Diyite imen : nou bay chak moun nou rankontre anpil valè nan efò nou pou sèvi moun ki vilnerab yo epi ba yo respè yo merite a, pandan n ap afime valè natirèl yo antanke manm fanmi imen an. 

Konsyan de anviwònman an : nou pratike epi ankouraje konpòtman ekolojik ki kontribye nan devlopman dirab lè nou pwomouvwa resiklaj ak rediksyon fatra.

Kominote : nou ede moun n ap sèvi yo pou yo devlope kòm manm konekte, responsab, epi ki reyisi nan kominote nou an. Nou fè sa lè nou asosye avèk lòt òganizasyon nan kominote a pou bay kliyan nou yo mwayen pou yo reyisi.

Entegrite : nou respekte estanda entegrite ki wo, nou rete fidèl ak valè nou yo epi nou rann kont bay patnè nou yo.